Print Friendly and PDF
only search openDemocracy.net

“Diskriminasyon lengwistik” ann Ayiti se yon mepri pou dwa timoun epi sa frennen devlopman peyi a

Sistèm edikasyon ann Ayiti a se yon sistèm k ap bloke pwogrè moun ki pa pale franse — sa vle di se yon sistèm k ap koze echèk pifò moun nan peyi a. English

Ansèyman nan lang matènèl enpòtan anpil pou pwoteksyon dwa timoun, pou konbat diskriminasyon, pou edikasyon bon kalite ak chans egal ego pou tout moun. Malgre sa, Ayiti parèt tankou youn nan ra peyi kote lang sa a ke tout moun pale a se pa li ki sèvi ditou ditou kòm lang prensipal nan sistèm lekòl la, ni nan ansèyman ni nan egzamen.

Nan Plan Operasyonèl 2010–2015, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ann Ayiti te anonse objektif pou yon “bilengwis ekilibre” – sa ta vle di pou tout peyi a ta vin metrize ni franse ni kreyòl. Men, MENFP pa t gen okenn mwayen pou yo te fè yon objektif kon sa vin reyalite. Se yon objektif ki sanble enposib tou, paske peyi a se yon peyi ki an majorite pale kreyòl sèlman epi se yon peyi ki pòv anpil sou plan ekonomik. Epi pifò anseyan yo pa pale franse byen, e pifò Ayisyen viv anndan kominote kote pèsonn pa pale franse yon fason regilyè, kit lakay yo, kit nan lekòl yo.   Sa se yon sitiyasyon ki fè lide “bilengwis ekilibre” nan tout peyi a parèt tankou yon rèv ki t ap twò chè pou sosyete a ak ekonomi peyi a.


Wikimedia Commons/Fred W. Baker III (Some rights reserved)

A classroom in the Artibonite department of Haiti. Throughout Haiti, education is mostly available in a language that the majority of children don’t speak.


Prèske chak grenn Ayisyen ann Ayiti pale kreyòl paske se nan lang sa a yo leve. Pousantaj Ayisyen ann Ayiti ki konn franse pa depase 10%, e si n ap konte moun sa yo ki pale franse fen nèt, nou ka jwenn sèlman 3% petèt. Kon sa, sèvi ak kreyòl san rezèv nan tout nivo edikasyon, administrasyon, lajistis, eks., se yon metòd ki endispansab pou n garanti tout Ayisyen jwenn menm chans pou yo reyisi nan lavi, san diskriminasyon. Lang matènèl se yon zouti ki enpòtan anpil anpil  pou envestisman nan bon jan fondasyon, fondasyon k ap rete solid pou timoun kou granmoun ka devlope kapasite pou rezoud pwoblèm epi ede nan devlopman ekonomik peyi a. Se prensip fondal natal sa a k ap gide travay Inisyativ MIT-Ayiti, ki jwenn finansman Fondasyon Nasyonal Lasyans oz Etazini (US National Foundation) depi ane 2012. Pwojè a bay anseyan ann Ayiti fòmasyon sou dènye teyori modèn yo ansanm ak resous pedagojik, tou sa an kreyòl. Kon sa Inisyativ la pote yon kontribisyon dirèk nan Objektif Devlopman Milenè yo, — espesyalman objektif ki chita sou yon edikasyon kalite san diskriminasyon.

Ann atandan, malgre tout kantite plan ak dokiman k ap fè pwomosyon itilizasyon kreyòl nan edikasyon, lekòl yo kontinye ap enpoze franse kòm lang prensipal pou ansèyman ak egzamen. Anpil kote ann Ayiti, pa gen egzamen ofisyèl an kreyòl. E menm lè elèv yo jwenn chans fè yon egzamen an kreyòl, anpil ladan yo pito fè egzamen an an franse paske yo te gentan aprann leson yo pa kè an franse, menm lè yo pa fin konprann tout bagay oubyen yo pa konprann anyen ditou nan sa yo etidye a. An jeneral, elèv yo pa jwenn ase liv an kreyòl pou matyè y ap etidye yo, sitou pou syans ak matematik nan nivo avanse.

Sa ka sanble kòm si sistèm lekòl ann Ayiti gen yon wòl enpòtan tout bon nan inegalite sosyo-ekonomik sa a k ap pede repete nan peyi a atravè diskriminasyon lengwistik. Gen twòp lekòl kote yo toujou ap pini elèv, imilye yo, e yo menm mete yo deyò lè yo pale kreyòl nan lekòl la. Kesyon pini timoun poutèt yo sèvi ak pwòp lang matènèl pa yo konn kraze abilite yo, espri kreyatif yo ak byennèt mantal yo. Sou chak dis timoun ki kòmanse premye ane fondamantal, se sèlman yon grenn (10%) k ap rive fini lekòl, dapre rapò Gwoup Travay sou Edikasyon ak Fòmasyon (Groupe de Travail sur l’Éducation et la Formation ; sa se yon rapò ke leta te finanse e ki te parèt an 2011).  Kounye a, an n kalkile gen apeprè 10% Ayisyen ki pale franse a diferan nivo, anplis kreyòl. Si 10% sa a plizoumwen matche ak 10% sa a ki rive fini lekòl, sa ka sanble kòm si sistèm lekòl ann Ayiti gen yon wòl enpòtan tout bon nan inegalite sosyo-ekonomik sa a k ap pede repete nan peyi a atravè diskriminasyon lengwistik. Se tout kalte ajisman sa yo, mete sou mank resous, ki lakòz diskriminasyon sa a nan sistèm lan ansanm ak mepri sa a pou dwa moun — yon kalte “diskriminasyon lengwistik” oswa “apatèd lengwistik” k ap dechèpiye sante mantal popilasyon an ansanm ak santiman apatenans li, etan li bloke ni pwogrè akademik ni devlopman sosyo-ekonomik popilasyon an.

Fason sistèm lekòl nan peyi tankou Fenlann bay bon rannman montre nou ki jan timoun ka reyisi pi byen nan aprann yon dezyèm lang, ansanm ak prèske tout lòt matyè, lè yo gen baz akademik solid nan lang sa yo ke yo pale tou lè jou lakay yo ak nan kominote sa yo kote y ap viv.  – Youn nan baz akademik sa yo ki dwe djanm nèt se lekti ak ekriti.  Nan lide sa a, sèvi ak lang kreyòl la pou timoun yo aprann li ak ekri, ansanm ak lòt konesans de baz, se yon etap nesesè pou ti Ayisyen aprann dezyèm lang tankou franse, angle oubyen espayòl. Se egzakteman sa ki mache nan sistèm edikasyon ki chita sou kreyòl epi ki bay bon rezilta, tankou jan sa fèt nan Lekòl Kominotè Matènwa (LKM) nan Lagonav. Kounye a, gras a finansman enstitisyon ameriken tankou National Science Foundation ak World Vision, LKM se yon modèl pou lòt lekòl nan zòn lan. Timoun LKM yo rive li twa fwa pi byen an jeneral pase timoun ki nan lekòl ki sèvi ak franse nan sistèm edikasyon pa yo.

Li klè, sèvi ak lang matènèl nan edikasyon ka pote chanjman. Òganizasyon entènasyonal, tankou Nasyonzini, ansanm ak peyi ki ladann yo, ta dwe veyatif pou divèsite lengwistik sèvi kòm mwayen pou pèmèt tout moun gen menm chans pou yo jwenn edikasyon.  Se menm divèsite lengwistik sa a ki pou ede nan pwoteje dwa tout timoun tou patou sou latè. Òganizasyon sa yo k ap defann dwa moun ta dwe veye si dokiman leta  ak dokiman òganizasyon entènasyonal yo, ansanm ak materyèl pedagojik ki nan sit entènèt, rezo sosyal, nòt, silabis, liv lekòl, egzamen, eks., pibliye nan lang matènèl popilasyon an. Mòd kontwòl kon sa ta ka pèmèt òganizasyon sa yo jwenn done ki etann sou yon peryòd manch long pou mezire pwogrè ki makonnen ak itilizasyon lang matènèl . Tout nivo nan òganizasyon sa yo k ap defann dwa moun ta dwe veyatif sou itilizasyon reyèl lang ak pratik edikasyon sa yo ki gen konsekans dirèk sou timoun yo.

Ann Ayiti, pa egzanp, pifò dokiman nan administrasyon, lajistis ak edikasyon ekri sèlman an franse.   Ladan yo, nou jwenn dokiman ki soti nan òganizasyon sa yo ki bay tèt yo kòm misyon ofisyèl pou fè pwomosyon edikasyon ak dwa timoun. Yon egzanp sou sa se yon sit entènèt UNICEF ki rele “Timoun yo! La voix des enfants d’Haïti”: Sa ki byen parèt nan paj akèy sit la se Konvansyon Nasyonzini sou Dwa Timoun. Men, ata sit sa a vyole dwa timoun yo kòm li parèt sèlman an franse ak ann angle, epi li pa an kreyòl,  ki se sèl lang pifò timoun kou granmoun ann Ayiti pale. Sa ki pi rèd, pifò piblikasyon ki parèt nan  biwo leta ann Ayiti, ata nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Inivèsite Leta d Ayiti epi nan enstitisyon pou dwa moun  tankou Office de la Protection du Citoyen, tout pase Konstitisyon 1987 Ayiti a anba pye yo.  Piblikasyon sa yo meprize egzijans sa a ke Konstitisyon an fè pou franse ak kreyòl sèvi kòm 2 lang ofisyèl peyi a, kote kreyòl se sèl lang ki simante tout Ayisyen ansanm. Kalte ajisman lengwistik sa yo mete majorite popilasyon an sou kote.

Anvan Inisyativ MIT-Ayiti a, pa t gen okenn materyèl sou entènèt ni okenn zouti nimerik pou aprann syans ak matematik an kreyòl nan nivo inivèsitè. Jounen jodi a, pwojè a bay resous k ap ede syans ak matematik wo nivo gaye an kreyòl san diskriminasyon. Inisyativ la vin pote kole ak yon ti kantite òganizasyon ki toujou bezwen plis jèvrin e k ap fè pwomosyon edikasyon kalite nan lang nasyonal peyi d Ayiti. Depi 2012, Inisyativ la ap ofri atelye fòmasyon tou, yon fason pou ranfòse konesans pwofesè lekòl segondè ak inivèsite nan pedagoji aprantisaj aktif an kreyòl ak teknoloji pratik pou edikasyon. Kounye a, sa nou bezwen pi plis pou bèl chanjman sa a ateri se travay men nan men ak enstitisyon lokal ak entènasyonal — gouvènman ak tribinal, lekòl ak inivèsite, konpayi telekominikasyon, ajans finansman ak ONG, elatriye.    Se antite sa yo ki ka ede nou chanje vye prejije ki te toujou mete lang kreyòl la sou kote, depi twò lontan, nan enstitisyon ak aktivite k ap simaye konesans ak pouvwa. Se kon sa n ap trase chimen pwogrè pou n rive kreye nouvo sistèm edikasyon kalite ki pral ofri chans egal ego pou tout moun, ann Ayiti ak nan tout lòt peyi.

About the author

Michel DeGraff is a linguist at MIT where he focuses on syntax, on creolization as a case of language change and on the role of language in educational rights. He is also the Director of the MIT-Haiti Initiative, the LSA Representative to the AAAS Science & Human Rights Coalition and a founding member of the Haitian Creole Academy (“Akademi Kreyòl Ayisyen”).

Michel DeGraff se yon lengwis nan MIT ki travay sou sentaks, sou devlopman lang kreyòl kòm fenomèn chanjman lengwistik ki inivèsèl, epi sou wòl lang matènèl kòm zouti pou tout moun jwenn edikasyon. DeGraff se direktè Inisyativ MIT-Ayiti, li se reprezantan Sosyete Lengwistik oz Etazini (“Linguistics Society of America”) nan kowalisyon  pou Syans ak Dwa Moun nan Asosyasyon Ameriken pou Avansman Lasyans (“AAAS Science & Human Rights Coalition”) epi li se youn nan manm fondatè Akademi Kreyòl Ayisyen.

Read On

More On


We encourage anyone to comment, please consult the
oD commenting guidelines if you have any questions.